Raoul Altidor, « Katalina » – Boutures 1.1

Boutures logo
Nouvelles
vol 1, nº 1, pages 18-19

Katalina – Raoul Altidor

Isit Piskatakwa, Nyou Anmchi. Son gita wòkannwòl ak konntri mizik. Deviz vil la: live free or die. Ekstrèm dwat. Koulè nèj. Forè sapen t ap tranble anba presyon yon van glase. Poutan, se lè pou m t al pake machin nan, toupre yon kabin telefòn an vit. Akote yon pak ki bati anba yon mòn, kote jènjan ak demwazèl ap fè eski, ak mas nan figi yo. Li te lè, l te tan pou m te tounen apèl 911 Katalina a.

Sa fè douzan, Katalina avè m te rankontre. Se te nan aryewopò yon peyi depeyize. Li te minwi senk, men te gen solèy. Yon solèy seren mouye. Fatig te fè n pòtre gaga. Nou te sitèlman gen tan ploge, lè n rive nan peyi sa a, yo te mete n nan menm chanm, kouche nan menm kabann. Antouka, nan dòmi, si w ta wè men l nan kou m, se paske li dòmi mal. Sizoka li ta fè lòt jès, se reve l t ap reve. Se te yon lòt dimansyon.

Relasyon nou te plis simante sou bèl lide rebèl. Lide pou chanje lavi. Se tout. Lè n al asiste opera La jeune bouquetière nan teyat dilidèbyenneme, nou men nan ren, men nan kou. Se mwen ki montre li naje nan lak Kwangfo. Lè gratè k nan dlo a ap chache tou vid sou Katalina, se mwen detanzantan k ap ranje kostimdeben. Kouran dlo te mèt pase nan mitan nou, nou te pito ri. Oswa li tonbe resite yon kont tan feyodal: un oeuf fait un veau. Li te toujou jwenn yon jan pou l maske presyon kò n k ap pouse lafimen. Gen de lè nou bo byen fò anvan n glise anba yon lenn wouj e mawon, dekore ak desen dragon k ap souse flè. Pou n fòse dòmi. Fòse, paske lè konsa, san nou toulède glise, melanje, ap bouyi. Yo pase pran bonnanj nou, y al fè sa yo pipito. Yo kreye pwòp dekò ak anbyans sou do rèv nou, sou zafè k te gade n!

Yonjou samdi, Katalina avè m te fin danse mizik kriolu, mande capucha ak krèm karamèl nan yon ti siyepye nan salon kay Kabral Nikolo (yon zanmi k soti lil Kapvè). Katalina avè m, nou manke peze nan asansè a. Men se domaj te gen kamera pou kapte bèl mèvèy. Espyon ta lave je yo nèt olye yo bwè vodka. Nou te deside kite sa la, san pale. Apèn nou ta pral louvri pòt apatman an, telefòn nan koulwa a te pran sonnen. Nouvèl la gaye: Nikolo mouri. Li te sòt depi nan trèzyèm etaj li lage kò l anba, sou twotwa a. Rèv Nikolo se te tounen Kapvè. Li te swete kouvri dezè ak flè flanbwayan. Li pat ka konprann, sa ki t ap pase ann Ewòp. Katalina, Nikolo avè m, t ap gade televizyon. Lè n te fin ale, se pa sa k te pale. Antouka nou te dekrete Nikolo anraje. Se te pito yon dife pay mayi ki t ap limen. Yen bèbèl. Bèl antre branch kokoye pou Tisina marye ak zòbòp.

Kèk jou apre, aryewoflòt la t al lage kreyòl yo nan èpòt Diblen. Nou chak te pran pwòp wout pa nou. Nou tounen san drapo ni klewon. Douzan apre, ak ki sa Katalina sanble? Èske toubote l yo toujou la? M sonje, li patjanm mete fa. Li te lage bote l tou kri nan je tout moun. «Katalina se yon bèl kreyòl karayib!». Li te renmen tande yo di sa. Lè kon sa, li leve kanpe sou pwent pye pou l file sou kadans defile mòd. Men san pèd tan, li chanje konvèsasyon an, li pran yon liv filozofi k ap pale sou linite dé kontrè. Katalina gen koulè kafe. Bouch pwès. Figi won. Kò l solid pase bwa gayak. Katalina soti Bloufil nan kòt lès Nikaragwa, kote kreyòl yo renmen mache ak pa tòti bò vag lanmè, anba ti kay bwat aransò ki plante sou plizyè ti pikèt. Katalina te kraze tout baryè. Li te pase pye sou pawòl van lakoulè kap divize endyen Arawak, Moskito ak nèg kreyòl Bloufil devan vizyon miltinasyonal. Antouka, se sa k fè, li ta pral tonbe nan lakapital Managwa, anvan l te fè lòt wout. Pou kont li.

Lantèman l te gen tan chante lè yo te rankontre. Fanmi l te menm kwè l mouri nan lagè.

* * *
     Portland, 33 Coyle Street, se adrès Katalina. Lè m rive la, anfas la, m te wè yon vyèydam ki te blayi sou do nan lanèj la, yon pèl pase anba bra l. Pye l deja antere tou blanch. San nan nen l, ki ta sipoze koule, tounen boul glas. L ap rele: help! help! Se rèl sa a m ta pral pase bay Katalina, lè m te fin boule sonèt kay li a, pou l te ka louvri pi vit pou m antre. Katalina te kouri rele 911, fwa sa a, pou anbilans te ka vin chache madanm nan.

Kay Katalina, se te yon bèl family house. Achitekti medyeval. Pwodui atizana ak papye aliminyòm, pasi pala. Nan tout kwen kuizin nan, w apjwenn ti fridòdòy pou pase nan bouch ou. Yon panye chaje fwi twopikal. Ata ponm kannèl, grenn jiwòf plante nan mandarin, antoure ak pen jenjanm epi kokoye. Gen yon chemine gri, fòm kay chanmòt. L ap bay chalè pandan l ap pouse yon ti lafimen ki gen sant sitwonèl.

Men kite koze, pran pawòl: Katalina te sitèlman anvi wè m, li bliye, li resevwa m ak yon bo sou bouch. San m sezi, men yon tas kafe ta pral deglase jèvrin mwen. Li chita anfas mwen sou yon kanape, dwèt majè li ap jwe nan dènye paj yon liv Rene Philoctète:  Ces îles qui marchent ann anglè. L ap gade m, l ap ri.

Pa ki bout pou n kòmanse? Douzan apre, Katalina pa manke anyen sou bèlte li. M sispèk li gen yon maji pou l viv andeyò bouras tan. Li yon tijan gwosi sèlman. Li dwe manje twòp vyann yo fabrike ak dechè nan laboratwa. Men, apa sa, m t ap reviv yon eksperyans dous-anmè. Alafen, li woule bouch li, tankou yon kayimit, pou l mande m nouvèl mwen. M te reponn li trapde, mwen se yon toubouyon san peyi k ap naje anba lanmè, k ap vole, file nan nyaj tout syèl. Tout tè. M danse nan tout kalfou. M dòmi, m travay nan dife, men omwen, m jwenn nèj pou m naje. Katalina pat tann mwen fini, li envite m atab. Nou te manje yon tortilla ak diri kole. Touswit apre, m te mande l pou n al fè yon ti virewon nan downtown Portland. Li te dakò. Men, li te banm lenpresyon yon moun k ap viv yon vi fad.

Sou tout wout la, m ap gade yon vil gri, ak oma nan nas, sou bato pechè. Se lè n fin chita Java Net Café, devan yon tas te echinacea, li kòmanse di m sa k te pase lè l te tounen Nikaragwa. Li te kontinye ap takle La contra opouvwa. Malgre paran l te kontan wè l te vivan, yo te voye l fin etid li nan West Indies University, jous Jamayik. Se la li ta pral rankontre yon Sirinamyen yo rele Andwou, epi li tonbe damou pou li. Yon lane apre, Katalina ta pral blije antre Ozetazini ak Andwou, nan vil Portland, kote paran misye ap viv. Kèk jou apre, Andwou vin fou, li tap voye wòch, kase tèt moun. Andwou, se te yon dwoge anbachal. Yon jou, yon dènye dòz pati ak bon sans li. Katalina pat vle kwè sa. Men de tout fason, se sa k te rive. Andwou nan yon sant sikatri. Tout espwa kaba pou li. Antouka, sa ki pi enpòtan, Katalina pral marye demen ak Eskòt Esmit, yon atis trinidadyen.

Nouvèl sa a te glase do m. Pou m te kache sezisman m, mwen mande Katalina pou n al fè lèsanpa bò lanme. Li mennen m nan yon plaj Kap Elizabèt. Angiz sab, ou jwenn eskalye an planch ki tounen wòch nwa depi byen lontan. Lasigòy ap beke glas, fouye dlo pou krapo pa toufe. Koki tache sere sou do labalèn k ap chache dofen pou yo fè ribanbèl, Manto nou ak tout foula nou pat ka sipòte van lanmè a, kifè m te mande Katalina pou n tounen. Sou wout la, nou pat di yon mo. Lè n prèske rive, Katalina te tonbe fredone yon chante nou toulède te fou pou li: Promenade, Edner Guignard. M pat ka anpeche m bat mezi kontredans ak pla men m sou janm mwen. Se kon sa silans lan te bwachat.

Devan kay la, Katalina peze bouton remote control li. Pòt pakin lan louvri. Li rantre, epi pòt la fèmen otomatikman. Li vlope kò l nan volan machin nan, li vire je l adwat pou l gade m. Se te avèk yon souri ki t ap lemante m. M te pito chwazi poze l kèk kesyon:

– Katalina, kote w pase pou w ap mennen mòd vi sa a?

– M te atann mwen a kesyon sa a! Depi plizyè mwa, m ap viv ak zòt. Se kay li. Anvan sa, nou te senp ouvriye nan yon konpayi k bwote ale o Filipin. Nou t ap mande tèt nou sa n te kwè k te pa n depi 1886. Menm lè vizyon nou te plizoumwen diferan. Eskòt ta pral fè ti jip plise, zannimo ak karikati sosyete a pou vann. Tou sa ak papye aliminyòm. Zèv li kwoke nan tout mize Pòtlann ak salon tout moun lavil. Epi yon bon jou, li fè lamayòl nan lotri: Eskòt vin milyonè. Depi ayè, li Nyouòleyann. L al fè yon prezantasyon. Eskòt gen tan atrap ideyoloji endividyalis la tèt kale. Li ta sipoze rantre jodi a. M kwè Eskòt ap fè yon alevini sispèk. Msye ta sanble ak yon nonm ki ta vle wete plamen li nan ratyè. Li gen anpil pwojè l ap plede dekri a demi mo.

– Katalina, pou ki sa dapre w?

– Li konnen m pap vale tout bagay pou lajan. Li gen konseye alèkile. Tout lojik li chita sou kijan pou l fè plis lamama. Plis lamama. E plis lamama. M sispèk prezans mwen deranje l.

– E ou pral marye ak Eskòt kanmenm?

– Li chaje ak limit. Eskòt gen tandans pran istwa pèsonèl li pou viktwa tout moun ki te tankou l. Lòt ti pwoblèm li genyen, sèke l renmen mache nan dòmi. Avantyè, l al pwonmennen ak bwat penti li, l al fè grafiti sou pòt meri vil a. Se lè lapolis arete l, li te leve nan dòmi. Gen de lè l leve lannwit, li kwè li nan twalèt, poutan se sou kanape a l ap pipi. M ap marye, paske marye, marye, marye, se marye bondye mete.

Nou pete ri anvan nou desann machin nan pou ri antre anndan kay la. Nan bwatolèt li, Katalina jwenn yon kat postal yon zanmi Sent Lisi te voye ba li. Zanmi an t ap mande Katalina si l pat janm wè m ankò. Li swete n rankontre pou n marye. Katalina te wose zepòl li. Kòmkwa se mwen k te responsab. Se pa vre non, se fòt nou toulède! Paske… antouka… Katalina te bloke refleksyon m, lè l envite m monte nan dezyèm etaj la. Li rale yon ansyen foto m nan yon tiwa. Li di m li te konn bo l detanzantan. M te rale bous mwen pou m montre l foto pa l. M reziye m fè l konnen m toujou dòmi avè l anba zòrye m. Li te pouse m anjwèt sou yon vye dodin. Li te pwoche, pou l chita sou jenou m. Men se te sèlman pou l ofri m parenn maryaj li. Men m pa egare, m te ka wè bouch li t ap tranble ak yon pawòl entèdi. Se lan moman sa a, yon bri kle nan salon an avèk tout yon wounouwounou te fè Katalina desann. Mwen te swiv li pye pou pye.

Eskòt te ban m lenpresyon l te kontan wè m. Li di m anjwèt: m pi popilè pase l nan kay la. Kay sa a ta plis renmen m viv ladan l. Sa te fè Katalina souri. Li te tou prezante m bay avoka li. Yon mesye enpasyan. L ap fè alevini ak yon telefòn selilè nan zòrèy li. L ap fè kòlè. L ap pale kesyon lajan. Li te plis sanble ak yon chimè, osnon yon raketè. Katalina te ofri l chita, li fè yon siy non ak men li. Eskòt te kanpe tou. Manto l sou li, foula l pase nan kou l. L ap jwe dwèt li anndan gan an kwi ki nan men l yo. Alafen, avoka a anonse nouvèl la. Eskòt pap la jou maryaj li. Eskòt avè l dwe ale ann Itali, pou regle yon koze envestisman rapid nan yon monn an konpetisyon. Se yon semèn apre y ap ka tounen. Katalina ta pral eksploze, men li sispann, lè Eskòt di maryaj la pa ka anile, paske otorite vil Pòtlann ap la. Tout atis, ekriven nan zòn lan deja pare pou bay Eskòt ochan. Nouvèl la nan premye paj tout jounal. Radyo ak televizyon bliye lòt eskandal, pou yo fè kòmantè sou maryaj sa a. Yo repentire otèl la an wòz. Yon chanm espesyal deja ranje pou lindemyèl… Antretan, avoka a ap gade mont li avèk yon grimas figi mafya. Eskòt rele Katalina sou kote, yo t ap chache rezoud pwoblèm nan. Boul la vin tonbe: Eskòt te mande m pou m marye ak Katalina nan plas li. Touswit apre, avoka a te rale yon mas Eskòt Esmit nan sak li. Lè m eseye mask la, se te san mank. Yon kou byen pare. Vreman, m pa t konn kote yo te bare ak mezi figi m.

Pwomotè a deja louvri pòt la. Yon van anba zewo degre t ap antre. Esmit te kanpe ap gade m fiks nan je. Li fonse sou mwen, leve m anlè, apre m fin di l pa gen pwoblèm pou m kenbe maryaj la pou li. Men, tout lide m di m gen yon kou m pa konprann. Apre sa, l al bo Katalina. Yo bo. Yon beze ak yon je sinik. Kout klaksòn pwomotè a – li deja sou volan machin li – pral fè Eskòt bliye bay enstriksyon sou koze lindemyèl la.

Katalina pat twò cho ni twò frèt lè mesye yo fin ale. Li te pran m, n al chita nan kuizin nan. Li ban m yon kafe sikre. Li te pran pa l san dous. M te vin ap poze l kesyon sou kouman n pral jwe komedi a. M pat janm sezi kon sa: Katalina te pran m agrap. Li fè m konnen se madigra ki mete mas; maryaj li pa ka yon sèn teyat. Se konsa n te deside, nou pral marye demen. Ak tèt mwen byen dwat. Ak je m byen chèch. Li montre m ki jan pou m make pa devan lasosyete. Men sitou jan pou n boule ak nèg kap pake machin nan pakin otèl la. Pou evite zen jounalis repòtè.

Men nou potko menm diskite koze lindemyèl la aklè, lè de mesye an kagoul defonse pòt la. Yo fizye ni mwen ni Katalina. Vi nou ale. Y ale.

bout
Raoul Altidor
Né le 5 janvier 1965 en Haïti, Raoul Aitidor est nouvelliste.

Retour:

Boutures logo

flèche gauche flèche droite

 

/raoul-altidor-katalina-boutures-1-1/

mis en ligne : 24 mars 2001 ; mis à jour : 10 octobre 2021