Bonel Auguste, Poème – Boutures 1.1

Boutures logo
Créations
vol 1, nº 1, pages 16-17

 

m pa gen lòt
demen
yon pari kazwèl
rèv lòm
se limit lòm

foli pa m
pa foli bifèt
ni riyèl
foli m se riban
nan tèt timoun
jaden danfan

Egzil mwen
ki pi lwen m
se san m k ap sikile
nan pye mesiyen

lafwa m
ap glise byen klere
nan bave chen
letènite
s’on pikèt bèf

simityè travèse
somèy nou
an janm de bwa
an bagèt legede
li kite nan de men nou
yon milye ti bato papye
k ap navige nan kalbas

lanmò m gen de fas
yon fas fanm
yon fas dlo

labote
s’on zwazo benyen an san
ki frape kò l sou vit la
epi k rale on trèn zetwal
son nan je m

bout

Bonel Auguste
Né à Port-au-Prince en 1973, Bonel Auguste a étudié la linguistique et l’histoire de l’art.  Travaille à la Bibliothèque Monique Calixte.

Retour:

Boutures logo

flèche gauche flèche droite

 

/bonel-auguste-poemes-boutures/

mis en ligne : 24 mars 2001 ; mis à jour : 11 janvier 2021