Georges Castera, « Poto » et « Pitit malere » interprétées par Lody Auguste

Georges Castera

D.R. Archives famille Castera

Poto

Nou bite sou yon ti farinay bwa
Ti farinay mwa d jen
Etan syèl la a jen

Mache mache,
Nou bite tout bon
Sou pali k ap farinen.
Lapli a kite n konprann
L ap travèse lari
epi se kraze li kraze la ri a
epi se detrip l
li detripe lari a
pote ale

Kounye la a
Ou kanpe sou yon bò lari,
M kanpe sou on lòt bò,
Men nou pa ka kontre


Jacques-Stephen Alexis et Georges Castera

Jacques-Stephen Alexis (à g.) et Georges Castera avec « Christ nègre », de celui-ci (voir ci-après)

Georges Castera, Christ nègre

Georges Castera, Christ nègre


Georges Castera

Georges Castera chez lui à Pétion-ville, 2000

Pitit malere

Sa ou vle nèg la fé?
Madanm li ap pase rad,
Limenm l ap pase tray
Pitit li kouche tou rèd tou plat
Kon nap joudlan.

Yon ti moun si zan
Tou chèchkò
Wa di yon bwa dan seren fin souse, wa di yon vye chalimo
Fwomi ap pote ale.

Vwazinay koumanse sanble
Lan kay la,
Yo chita lan plenyen:
Apa yè, mezanmi,
Ti nonm la t ap pase la a…
Hey! katye a tankou
Yon bout bra
Ki pa kenbe anyen
Malad lan san,
Osnon maladi san non?
– Non madanm,
Se grangou k ap pote lale,
Maladi lamizè
Ki kanpe lan tout kay la
Lan mitan tout bagay
Sa ou vle nèg la fè?
Madanm li ap pase rad,
Li menm i ap apse tray
L ap vanse je fèmen,
Li pa konnen sa pou l fè.
Li tankou yon vye revèy ki rete sou midi:

Vant li vid,
Bouch li ap kimen.
Li pa touche denpi twa mwa,
Pitit li kouche tou rèd
Epi l tande
Lantèman pou 4trè


Le poème « Poto » de Georges Castera est interprété ici par Lody Auguste sur une musique et arrangement de Pierre-Rigaud Chéry (4:20 minutes). Les paroles de «Petit Malere», également de Georges Castera, sont interprétées par Lody Auguste sur une musique de Marcel Nouvrillé arrangée par Yoël Diaz (4:33 minutes). Les deux chansons sont extraites du disque de Lody Auguste, Dekwoke L. Montréal: CIDIHCA, 2002. Chansons utilisées avec permission.
Les photos proviennent des archives de la famille Castera.

© 2002 Georges Castera (paroles) Lody Auguste (musique)
tous droits réservés


Retour:

/georges-castera-pitit-malere/

mis en ligne : 30 septembre 2003 ; mis à jour : 5 janvier 2021