René Philoctète, « Psom / Psaume »

Psom

Psaume

Si m reveye ou jan kagou
m’priye yon zwazo chante
pou l ede solèy-la leve.
Si m pa kapab dòmi lannwit
m’mande syèl la vin pi ba
pou m selebride de zou twa nyaj.
Si m nan bezwen bwè yon ti dlo
m’priye flè yo vin pi laj
pou yo kenbe plis larouze.
Si m anvi wè timoun fleri
m mande latè louvri janm li
pou bay plis viv, pou bay plis fwi.
Si, poufini, m’bezwen renmen
m’priye kè m bat pi fò
pou yo tande li toupatou.
Si mon réveil a le cœur lourd
je prie l’oiseau pour que son chant
aide la marche du soleil.
Si je ne m’endors pas la nuit
je mets le ciel à ma portée
pour chevaucher deux ou trois nuages.
Si j’ai soif d’une coupe d’eau
je prie la fleur de s’épanouir
pour recueillir plus de rosée.
Si je veux voir enfants grandir
Je prie la terre d’ouvrir ses jambes
pour plus de vivres et plus de fruits.
Si pour finir, il faut que j’aime
je prie mon cœur de battre ferme
pour qu’on l’entende de partout.

« Psom » / « Psaume » de René Philoctète a été publié pour la première fois dans Conjonction 195 (1992): 52-53.


Retour:

/rene-philoctete-psom-psaume/

mis en ligne : 25 février 2003 ; mis à jour : 15 novembre 2020