Iléus Papillon, Sélection de poésie

Une sélection de dix poèmes d’Iléus Papillon, en créole et en français, avec quatre des poèmes lus par l’auteur.


Nan vant Latibonit

Yon jou leve nan pye w
Vil fè kolizyon ak solèy
Lari pran foto lonbraj ou
Van kase debout
Pa gen jewometri nan pòtre w
Tout peyi a fè koub
Desalin Vil fè rèv
Li sere l nan pla men w
Nan kouri dèyè sant kò Senmak
M wè sen ap sove nan legliz
Latibonit
Yon mizik ap koule nan non w
Desalin Vil, Ri Jak Premye boukante plas
W ap kouri nan Ri Chavàn
Yon jou leve nan men w
Syèl la pran dife
Twa tranch nyaj pati ak fòm kò w
Yon epòk k ap mezire wotè tan avè w
Yon jou parèt nan ren w
Tout jenn fanm pral aprann fè senti
Nan vitès vantilatè
Yon jou leve nan pye w
Midi refize parèt
Klòch legliz yo pran kriz
Vin debloke tan cheri
M pat janm kwè bote fanm
Te ka depwograme yon sezon


Nathou

Ki wout pou m fè
Lè kè m vle genyen tout pari
Ki kase sou non w
Ki vil pou m kenbe
Lè lari twò piti pou kouri dèyè bote w
Pou mwen ou s on bobingaz
Ki konekte nan lanp lespri m
Ki mo pou plim mwen ponn
Lè tout fraz mare nan pye w
Lè lavi kouche nan plamen w
Lè sezon yo chanje ak volonte w
Kijan pou m mare solèy
Lè m anvi jounen an kouche agoch ou
Konbyen syèk pou m tann
Ki mizik pou m tande
Lè lonbraj ou fè eskal nan fenèt lespri m
Ki koulè rèv pou m fè
Pou pòt kay mwen pa sispann pran foto machpye w
Ki kout tanbou pou m woule
Ki larivyè k pou desann nan kè m
Ki lagè w anvi m bloke
Ki lanmè w vle k woule
Ki bonm ou vle m detwi
Ki lwa w vle m vyole
Ki lwa w vle k monte m
Ki dans ou vle m fouye
Ki balèn pou m limen
Lè m vle viv nan souf ou ?


Temps de parole

Tu étais de passage dans la ville
Avec des embryions de soleil sous les mains
Des restes de pleurs guéris hier par la résignation
Et des pays taillés par tes désirs
Tu étais de passage dans la ville
Cette ville amère comme 12
Triste comme mardi
Tu étais de passage dans cette ville
Ville spectaculaire
Ville de folles prestations
Ville-caprice
Où les mots se métamorphosent en poussière
Les mots sont fous chaque matin
Tu étais de passage dans la ville
Avec une chanson dans ton regard
Une branche de parole plantée dans tes yeux
Un cortège d’espoir accroché à ton visage
Un nuage couvrant tes syndromes de malheur
Tes épines de douleur
Et à chaque mètre de ton ombre s’érigeait une marée de promesse
Puis
Les femmes
Les rues
Les rivières
Les enfants
Les champs
Les récoltes
Se sont piqués par le reflet florissant de ta présence
Les hommes et les enfants se sont tournés vers toi
En quittant leurs maisons ou leurs tentes
Tu étais dans la ville avec une chanson sur tes lèvres
Des branches de paroles anonymes pendues sur ton chemin
Et les enfants écoutaient la chanson
Les hommes mangeaient la parole
Les femmes
Les rues et les rivières se mettaient à pleurer
L’écho de ta voix qui embrassait toute une ville
Puis tu as promis une autre chanson
Une autre ville
Une autre vie
Tu as promis d’autres paroles:
« Droits de l’homme
Lampadaires
Souveraineté
L’anti-faim
L’anti-songe »
Tu as promis de rêves pour les nuits creuses
Des pare-brise pour les voitures des enfants
Et la parole que tu portais dans le regard
N’était pas dans la chanson
Tu as promis le hasard et d’autre soleil
Tu as promis de peindre le ciel
Avec tes doigts
Ton souffle et ton expertise à venir
Tu as promis de briser la solitude
Réinventer la vie
Tuer les maux
Sauvegarder le temps avec d’autres serrures
Voilà tant de paroles pour une ville mourante


Apre sa

M pral jete yon kouch penti nan pwent non w
Apresa m a kanpe devan w
M a gade w k ap defile
Yon jou ki sanble avè w
M a kanpe devan w Pòtre yon vil
Yon vil ki pote mak bote w
Ak tout retay tan nan chive w
Apre sa m a kanpe devan w
Yon tablo kap plonje nan
Enspirasyon yon mèt penso
Apre sa ma mache site non w ak lari
Pote non w bay larivyè
Site non w devan lanmè
Lage non w bay van
Pou tout vil konnen w latètopye
Apresa m a louvri pòt kontantman w
Apiye foli m sou lonbraj ou
Apresa m a simen mizik
Tout ekriven a ponn yon pawòl sou non w
Y a di jan mo yo te konn dòmi nan pye w
Apresa mwen ako w n a balanse ekwasyon renmen
Jouk ou tounen yon bèl sezon nan men w


Ô Secours !

Durée: 3:18 minutes

J’entends les cris de mon île
jusqu’au fond de mon corps
j’entends crier les enfants
murmurer les plaines
la ville est écologiquement malade
ville brisée
le pays se transforme en concert de poussière
quand les nuages en colère
nous regardent de haut
ma ville se torde de douleurs
mon île s’étouffe
île égorgée
inondée
l’île médite en silence
noyée sous les ondes…
assassins des arbres
ennemis de l’environnement
tueurs de la terre que nous sommes
pensons-y !
l’environnement meurt lentement
nous faisons pleurer les montagnes
nous bombardons nos rivières d’ordures
nos forêts qui souriaient autrefois
deviennent ossements…
la terre se trouve vide
la terre se courbe de fatigue
elle est défigurée
Ô secours !
il faut sauver la terre !
il faut la planète !
quand la tuerie des arbres
devient apaisement de la faim
j’imprime mes mots sur un morceau de papier
j’ai cloué mes paroles
sur un vieux tableau de doléances
il faut sauver la nature !
Il faut sauver Haïti !
il faut sauver le monde !


Jou bare-n

Nan ponn rèv lanvè landrèt
Kraze zo moùn
Nuit yo mouri nan je
Pòtrè vil ki kouche sou do
K’ap chante kantik lanmò
Jounen yo grandi nan vant
Paske tout kòk sere kle douvanjou sou jouk
Epi konsa douvan jouk poul
Solèy fè kolizyon ak rèv
Nou mache an lakilbit
Kamoufle
Ak rès douvanjou nan je
Nou bloke sezon lapawòl
Nou dezakòde lespwa
Koupe souf tèt ansanm
Nan fè melimelo
Pann sou do
Ak blòk rèv sou zepòl
Grap mizè nou anba bwa
Epi konsa nan karese zetwal
Lannuit fè kòlè sou nou
Douvanjou pa tann kabann pou lajounen !


Je rêve d’un pays vivant  

Je rêve d’un pays vivant
je rêve d’une île
de jasmins et de camélias
où la joie épousera le temps
sous les regards des étoiles

je rêve du jour
où j’écrirai sur les monts
sur les visages des femmes et des hommes
un poème
une chanson
pour reverdir mon pays

je rêve d’une île
d’un pays
d’un coin de terre
où les femmes ont les yeux pour éclairer l’espace

je rêve d’un pays vivant
où les enfants ne mourront point de désespoir…
je rêve de belles nuits  tendres
à passer sous les éclats de la lune
je rêve de baisers parmi  nos bambous
nos cocotiers et nos bordures de mer
je rêve de plages
de sources d’eau
jaillissantes des montagnes d’autrefois

je rêve d’une Haïti miélée
mon île de roses étincelantes
je t’aime avec les fortes intensités de l’amour


Peyi a pa la

Durée: 3:30 minutes

Pa gen moun ki konnen nou konbyen kap viv isit
Ni yo pa konnen tou konbyen nan nou k laba
Pa gen moun ki konnen sa n manje lèmaten
Yo pa fouti konnen konbyen tchyovi k nan lari
M vin di nou, peyi a pa la, vil yo pati…
Nou son banm nanm kap vwayaje
Yon latriye kòk mò kap boukante kadav
Yon pil agwonòm kap siye biwo
Yon syèl kap niche latè
Tchyapya lespwa, dezakòde landemen
Nou son ribanbèl ti jwèt politik pise chat ramonyon
Yon eskandal fanm ansent ki pote vant yo sou tèt
Yon pil mazanza do kale kap fè lago pou bonbon
Nou son sitadèl kap pèdi koulè
Nou son banm moun ki montre moun moun
Ki aprann moun moun, kifè moun konn moun
Nou se sezon k pa bezwen lapli
Nou se souf, nou se tè
Nou se lafrik, nou se nèg
Nou se savann dezole
Nou se latibonit kap kriye pou ekonomi liberal
Kap debalize konsyans, kraze baryè vant
Pentire lamizè akòde kolonizasyon
Nou son latriye moun kap kouri nan yon peyi kap pouri
Yon peyi kap danse ak mondyalizasyon nan pòch
Nap modènize – nap privatize- nap lilkide rèv
Nap boule lannuit pou timoun pa wè demen
Nou pa fouti sonje wòtè degre libète –n
Demokrasi mare pye n
Ni gòch, ni dwat tout fè mas nan lespri n
Nou pa fouti mezire ak riban lonètete
Kisa nou plante ? Kote nou kanpe ?
Kibò nou prale ? Sa k ban nou manje ?
Sak fè n pa rele ?
Nou se ras moun ki pentire libète
Men nou se ras tou ki ekri nan tout paj
Pa gen lontan nou konnen doulè anba lavil
Pa genlontan nou konnen doulè lakilti
Je vis dans une ville qui danse avec son passé, ville sans prospection
Ville de poussière et d’égout
Ville de peur et d’horreur !
Peyi ap balanse pasipala
Vil melanje nan vil
Vil mache lendèyèlòt
Vil sou vil
Vil yo tounen men sòl
Vil yo pa vil
Vil yo sispann vil
Vil pè vil tankou leta pè leta
Leta ap manje leta
Peyi a pè tèt li, peyi ap bwè swe kòl
Nou pote soufrans nan je
Doulè nou sot lwen
Doulè nou pa doulè n
Doulè n depwograme
Doulè natiralize
Doulè n chanje koulè
Doulè n tout koulè
Doulè n Tribòbabò
« Ville ONGÉISÉE, ville internationalisée, ville bouyi vide
Ville kase fèy kouvri sa
Ville sam manje m pa baw
Ville d’expertise en importation de maladies
Ville cholératisée, ville perdue, pendue, vendue
Ville mourante
Nou la, nap mete plis pou moun ki gen deja
Nap mete lis moun ki pate janm la
Métellus, vil la tonbe sou do
Peyi a kage sou do, peyi a gwòs
Vil yo gwòs pwòp tèt yo…”
Vil ap manje vil, vil ap kouri pou vil
Vil pa vle wè vil
Nou klete poul ak kòk pou timoun pa manje jòn ze
Vant n ap deboutonnen
Vant n ap pwonmennen
Vant n ap penpennen
Trip n ap penpennen
Vil la tonbe sou do
Kay la la lib
Pa gen moun ki konnen konbyen sèvo k rete…
Kenn moun pa janm konnen konbyen tèt k ale
Yo ale ak tout rèv nou nan vant


M pa le

Durée: 1:26 minutes

M pale ak tchovi apre lapli
M pale ak moun fou nan maten
M pal’ak timachann anba lavil
M pal’ak komisyon m pal’ak ankèt
M pal’ak twotwa m pal’ak moun ki pa la
M pal’ak lonbraj mwen
M pale ak chèf granmaten
M pal’ak fatra nan lari
M pale tankou fanm k ap kase lezo
M pal’ak Latibonit pou savann
M pale ak jij nan tribinal
M pale ak vil yo
M pale ak konstitisyon kreyòl nan menm
M pal’ak yon konstitisyon wotè laj mwen
Longè volonte grandon
M pale ak Leta nan kwabosal
M pale ak lajistis pye atè je louvri
M pale sou pay
M pale ak bidgè
M pale ak fowòm
M pale ak konferans
M pale Lasalin
M pale ak pousyè nan lari
M pale lanvè
M pale landrèt
M pale ak miray k ap bwè vizay
M pale ak pwodiksyon nasyonal
M pal’ak syantifik k ap bay lasyans dwèt
M pal’ak mondializasyon
M pal’ak isit m pal’ak laba
M pale pèlèpèpè
M pale ak tan k’ap vire
M pal’ak tout koulè
M pal’ak kòk benezwèl
M pale ak van k ap fè m lafilalang
M pale ak lakou kalbas
M pale ak pase m
M pale ak demen m
M pal’ak anwo m
M pal’al anba
M pale
M pale jouk lang mwen plengrennen ak pawòl


Jou w ap renmenm / Lanmou pakè

Durée: 1:25 minutes

Cheri lè w’ap renmen-m
Renmenm ak konstitisyon nan men
Renmenm nan dwèt
Renmenm nan tèt
Jou-w deside renmen-m
Pa renmen-m madi
Jou-w deside renmen-m
Leve iminite-m ak très chive w
Fè bon dosye sou mwen
Clocy…
M pap fè outraj sou ou
Jou w ap renmen-m
Ou mèt renmen-m ak blakawout
Pa banm presyon
Pa fè wout aryewopò avè m
M pa nan lanmou pakè
Ou mèt renmen-m nan powèm tout longè
Pa banm lanmou modelage
Pa ban-m lanmou chenjanbe
M pa nan lanmou komisè
Pa ban m lanmou
Pa ban m lanmou mou
Jou w ap renmen-m
Renmen-m nan mwa janvye
Pa banm lanmou kouran
Jou w ap renmen m, renmen m nan dwèt cheri


Ces poèmes par Iléus Papillon sont reproduits sur Île en île avec la permission de l’auteur.

Six poèmes –  « Nan vant Fatibonit », « Nathou », « Temps de parole », « Apre sa », « Peyi a pa la » et « M pa le » – sont inédits, publiés pour la première fois sur Île en île.

« Ô secours ! », « Je rêve d’un pays vivant » et « Jou w ap renmenm » sont publiés pour la première fois dans Tessons de vers aux Éditions Bois d’Orme à Port-au-Prince en 2010 (pages 15, 79-80 et 82).

« Jou bare n » est un extrait de Tribòbabò, publié pour la première fois aux Presses Nationales d’Haïti en 2012, pages 22-23.

L’enregistrement des quatre textes a eu lieu au Studio de la Radio Nationale d’Haïti par Acluche P. Lemith en septembre 2012.
Accompagnement musical : Yanni, pour « Paya a pa la » ; Coulange, pour « M pale » et Coupé Cloué (Ensemble Select), pour « Jou wap renmenm ».

Reproduits avec permission sur Île en île.

© 2010, 2013 Iléus Papillon


Retour:

/ileus-papillon-selection-de-poesie/

mis en ligne : 4 janvier 2013 ; mis à jour : 27 décembre 2020