Franz Benjamin, « Nwit la » et « Dènye rèl »

Nwit la

Nwit la baye nan bra m
Ki fin debraye
Sou mak dan
Danti Dantò

Nwit la jwe bòlèt nèt ale
Li houke
Li pyafe
Li kente anba dra lomeyans ou

Ki sa jwèt bay
Ki sa kach kach liben bay
Ki sa grenadya bay

Ou mache
chak branch cheve w nan ren m
ou kouri
chak plent ou nan je m
ou koule
dlololo jouk nan zantray mwen

ki sa jwisans bay

Dènye rèl

Nan chimen trese
w a va detrese w
katrè dimaten
lanjelis sonnen

Lanmou deparye
lanmou fwonte
parye n pèdi pye
nou depeyize

M anvi di w
yon koze andaki
yon pawòl lave je
nan mitan tripotay bra w

Nan mitan bra w
mwen pa pale
mwen be be bege

M anvi ra ra rakonte
plezi Sent Woz nan Leyogan

M anvi kouri
kouri desann al kache
anba ti vant ou
pou lougawou w ka manje m

M anvi monte
dèyè kay ou
pran yon kòd
pann tèt mwen nan bra w

Apre
W a va ranmase m
Ak vag lanmè ren w
jouk nou bout
nan yon bout
san bout


Les deux poèmes de Franz Benjamin, « Nwit la » et « Dènye rèl », ont été publiés pour la première fois dans son recueil, Valkanday (Montréal: Éditions Paroles, 2000). Ils sont reproduits sur Île en île avec la permission de l’auteur.

© 2000 Franz Benjamin


Retour:

/franz-benjamin-nwit-la-denye-rel/

mis en ligne : 30 décembre 2006 ; mis à jour : 22 octobre 2020