Georges Castera, Sept poèmes, lus par l’auteur


Georges Castera lisant une sélection de ses poèmes, en créole et puis en français.

Enregistrement de 9 minutes réalisé à Pétion-Ville en 1992, l’une des vidéos d’auteurs haïtiens de Jean-François Chalut.

Dossier présentant l’auteur sur Île en île : Georges Castera.

Vidéo de 9 minutes, disponible avec des sous-titres (pendant la lecture, cliquer CC).

Trois poèmes en créole :
début – Mersi !
01:38 – Fèt de lab
03:43 – Tire
Quatre poèmes en français :
04:57 – Élements d’un dossier
06:15 – Te voici dévêtue dévoilée…
07:39 – Un soir en dentelle…
08:26 – Pollen


Mersi !

Solèy
ala yon gwo zafè !
Solèy pa gen manman.
Solèy pa gen papa,
lan lari l’ rete
tout tan.

Lan lari
tout moun an majigridi
anba solèy cho,
y’ap tann machin,
machin ki derefize rete
pou pasaje.

Pyès moun pa egzan
sa ou pran, se pa w !
Machin leta tounen
machin prive. Rete !
Machin piblik rete estasyonnnen,
vire tounen yo pap fè yon pa.
Lari li menm ap dekale,
li mete-n nan bouyay
etan moun kanpe zikzik
lan mitan solèy cho.

Tout wout chire
tankou kè pantalèt,
van antre sòti
nan zòrèy moun.
Nou pandye a tout boulin
nan labim
sou wout Petyonvil
kote tout pye flanbwayan
panche tèt anba
ak on bann peny nan tèt yo.

wey ! peyi a fou vre,
pyebwa ap pran sèso,
tout kamyonèt sentre
lan menm relijyon
gwo kraze piti,
bourade lèran,
dezòd sou woulib.

Gen lannwit lan lajounen,
pa chache kras pen
nan trip fwonmi.
Ou pa wè nou pran nan demokras
sik ?
Èske se fòt chofè a ?
Gade lè w !
Ou pòtre yon bonbon
nan papye nikle.

Ti cheri
bèl mèvèy lanati,
vin chita sou papi w
pou gade diktati
k’ap chavire.
Nou fenk kòmanse wè !
freukan !
Chofè, mersi !

Gate Priyè (1990)

Fèt de lab

Leta di se fèt pyebwa.
Atò,
kote pyebwa a ?

Tout kote n-ale
labim adwat
labib agòch :
nou lan fènwa de fwa.

Dlo ap desann.
Se vale san kraze.
Lanmè klere kou soud.

* * *

Viv bò isit viv bò lòtbò,
bonè moun aladriv
tout zwezo bèkalo,
tout bagay derefize
pouse.

San tèt, san zo
lapli parèt.
Leta kouri rele
« men vòlè !
Bare ! »

* * *

Men kote-k
gen koupab
gen asosye
ki pi anraje:
y-ap tranpe vyann lan sòs,
yo di se zo y-ap souse.

Lapli gen bon do.
Kite yo pale !
Noumenm lè nou gade,
sa nou wè ?
Se vòlè
ak de pye de men.
Y-ap debalize tout byen
epi rele dlo sanzave.

Grandon ak fondedpouvwa,
vòlè tè pote ale,
lè y-ap konte patat
abitan fin fè.
Separe ren pou ren yo di,
poutan se panzou
depi anlè
vale san kraze.

* * *

Se pa lapli ki separe tè.
Se pa lapli ki dekrete
pri kafe pral monte.
Se pa lapli ki te bay SHADA bwa
pou l chata san peye.

Sa nou wè,
se sa nou kwè.

Lamayòt lan fènwa,
se pran zandolit pou mabouya
paske tou de damou pou tè.

Abitan pòv ak grandon
se pa dosou ak dosa,
se dozado chak jou devan leta :
youn rete toutouni
pou lòt la mache gwopopo

* * *

Yon lè, peyi nou
te vèt tankou plim jako.
Jou ale, jou vini
kounye la-a, peyi a tankou do
kiyè.
Tout jaden andeyò
tèt kale savann boule.
Gade devan gade dèyè,
bay fòs kote.
Se pa ak kaw
na ka veye manje
lè pitimi ap donnen nan jaden.
Chak kou abitan pèdi tè-l,
se vi-l ki fann an de
tankou grenn zaboka
yo frape atè.

Leta di se fèt pyebwa.
Atò, kote pyebwa a ?
Dlo ap desann.
Se vale san kraze.
Lanmè klere kou soud.

Zèb atè (1980)

Tire

bal la fè twou
pou-l pase rantre
l’ale, li travèse
depi se trip,
depi se pye, jizye,
mwèltèt.
Li pase an boulin,
an boulvès
li vire antre
bourade kraze
wa di
yon bagay
l’ap chache nan mitan fèy papye.

bal la kwaze
ak kat tikatkat
ki te chita ap etidye
b, a
ba
aba !
Bal la antre ba
nan listwa kò kay la
li bwase bil
tout bagay.
Vè chavire bouch anba,
tab panche sou de pye,
chèy pay rale sou dèyè
pou yo sove ale.
Alewè pou moun
ki isit,
ki lòtbò,
ki lan malsite.

Bal la fè twou,
li fè tout sa-l konnen
pou-l pa kite anyen
dèyè
k’ap bouje
ki kanpe djanm
sou de pye.
Bal la fè twou
toupatou
pou-l pase.
Tout bagay blese
malman
ki kanman,
ki papa,
ki pitit.
Sa w vle,
bal ap tire-san-manman
e moun se vyann ak po,
epi san k’ap koule ale
nan randevou venn kè
pou mèvèy lavi jwenn wout
kontantman.

Men vwala
moun blese, moun mouri,
pou lide yo vle defann
lide tètdi
lide libète
byen tanpe
ki pran lari nan twou bal
ki pran lari toutouni y-ap chante :

mon kaporal, toup ! tou pa-w dèyè ! (bis)
mon jeneral bow ! tou pa-w rive ! (bis)

Gate Priyè (1990)

Élements d’un dossier

Aujourd’hui pêle-mêle
vulnérable vulve d’encre
giclée
mur prisonnier du mur
brutal mur qui troue la vie
mur dur entier dans la dureté
mur qui entre à coups de talon
dans l’indicible

les maisons ont perdu
leur bouquet de rues
Quatre murs
c’est déjà un labyrinthe
la tragédie
le pain qui s’enveloppe de mouches
puis
d’autres murs
d’autres murs s’accouplant
au milieu des cris

La solitude est un chemin de pierre
la lune muette
dans sa traîne démente
les rues comme des phrases désarmées
les rues se démusclent
barrées
et retournent leur paysage
contre nous
démunis

Les rues en avance sur la foule
les rues dans le défollement
des corps minutés
devant les pelotons
murs durs de la quotidienneté
des murs pour protéger
l’idéalisme de basse-cour
encore des murs
des pelures de murs
dans la nuit
encerclée

L’horizon sans rames
nous ramène un soleil mort.

Voix de tête (1996)

Te voici dévêtue dévoilée…

Te voici dévêtue dévoilée dévolue
violente par nuées et brassées
au plus haut de l’écriture

je t’aime dans la longévité du mot

je t’aime dans la brièveté de l’acte

tes rires ont saccagé le basilic du songe
et ton corps s’est offert blessé
lourdement contre la masse pluviale qui nomade
vers le ciel inéclos
atteint en son milieu d’une épidémie de
cerfs-volants

la mer répète indéfiniment
son propos de cendre d’écume
de salive de crépitement
de choses lavées et délavées
dévêtues dévoilées dévolues

le temps a des crampes de mort
qu’on nous laisse le temps
de notre nudité dans l’écume de mer !
qu’on nous laisse le temps de prendre
démesure de la sève dans la tranquilité
d’un arbre ossifié

l’aube lisible s’enracine
dans les amours errantes
de tes draps au soleil
de tes cris dans les rues avoisinantes

la phonétique amoureuse agacée
sous un masque de fourmis
je relève le défi de l’éloquence
du dernier crépitement du sel dans l’eau
je relève l’empreinte de ton sourire
dans tous les jeux de l’enfance.

Ratures d’un miroir (1992)

Un soir en dentelle…

un soir en dentelle
au goût poudreux
de ton épaule dans la glace
j’ai entendu la mort dans ses phonèmes de craie
le vent crachant dans les venelles
le vent crachant dans mes poumons
j’ai dit adieu
au papier écolier
à la trace d’une chevelure
laissée par la marée
de tes baisers sur ma bouche
j’ai connu l’enfance des mots
la solitude de l’écrit
l’opacité de l’étreinte qui remue
nos langues musicales
comme jeu de cartes
la dureté du bois
le chant dans sa brisure

la lune
tel un nombril
sortait de ma boutonnière d’enfant

Quasi parlando (1993)

Pollen

tout devient inusable
le temps
ce que j’appelais déjà notre amour
et qui n’a pas de nom
ah! je dis que l’herbe est haute en nous
avec sa fanfare et son espace
les fourmis ne mangent plus à table
ne crayonnent plus leur désolation
nous sommes là ici et partout
tu vas sous la pluie sous les phrases
dans tes vêtements brûlants
te débobinant en jeu d’abeilles
et de camphre
le printemps s’est jeté
dans mes mains nues
comme une table tournante
légère ta robe de maçonnerie
de temps chiffrés
monte par les chemins les plus divers
et ton visage
devient aussi vrai
qu’un ultimatum

Quasi parlando (1993)


Georges CasteraCastera, Georges. Poésie sélectionnée, lue par l’auteur.
Pétion-Ville (1992). Vidéo, 9 minutes. Île en île.

Mise en ligne sur YouTube : 18 mai 2013.
Cette vidéo était d’abord disponible sur Dailymotion (mise en ligne le 20 mai 2011).

Réalisation et caméra : Jean-François Chalut.
Textes lus :

  • « Mersi ! » et « Tire ». Gate Priyè. Port-au-Prince: À Contre-courant, 1990.
  • « Te voici dévêtue dévoilée… ». Ratures d’un miroir. Port-au-Prince: Imprimerie Le Natal, 1992.
  • « Un soir en dentelle… » et « Pollen ». Quasi parlando. Port-au-Prince: Imprimerie Le Natal, 1993.
  • « Élements d’un dossier ». Voix de tête. Port-au-Prince: Éditions Mémoire, 1996.
  • « Fèt de lab ». Zèb atè. New York: INIP (Idées Nouvelles, Idées Prolétariennes), 1980.

© 2011 Île en île


Retour:


/castera-sept-poemes/

mis en ligne : 20 mai 2011 ; mis à jour : 22 octobre 2020