Anderson Dovilas, trois poèmes

Laviwonn

(extrait)

L’ap danse
Tankou falèz
Plenn di nò
Chofè kamyon
Mouri pou sa
Ti van dous
Fè mache nwa
Nan tres cheve l’
Li se Jakmèl
Yon karavan flè bere

Lamerik pale de li
Tankou lè zwazo
Ap fè solo gouye
Mak pye l’ menm
Se adrès yon ti lèzanj
Dlo damou

Lapli karèm pa touris
Papiyon pa reveyon nwèl
Men mòn tapyon
Mòn kabrit
Se solis pwent tete l’…

M’ap ekri
Pou m’ di ekri pa fasil
Menm jan bèl fòm vwayèl
Pa fè moun pwofesè
Jan lavi sonnen
Pa mezire kout plim
Menm jan richès yon powèm
Pa lonbray yon powèt

Dwèt sou bouch…

Si w kwaze on pil fatra
Nan lari
Dil lonè
Dil bonswa
Anvan l pile w
Si son gwo pil
Wete chapo w
Pa bouche nen w
Li ka on radiyès
Pou adrès otorite
Kap fè kanpay
Ou ka monte sou resif
Sil fèk depòte
Ou ka deranje
Jaden deran dan soup ye

Si son ti pil
Rale kreyon make figil
Pou ekri longèl pita

Liminasyon

(extrait)

Des âmes nues sur le soleil
Mon cœur bat froid
Dans un stylo
Et pour hachurer la mélodie
Des miracles épuisés
J’écris des vers contre nature…


Ces trois poèmes par Anderson Dovilas, « Laviwonn » (extrait), « Dwèt sou bouch… » et « Liminasyon » (inédit, mai 2011) sont offerts aux lecteurs d’Île en île par l’auteur.
« Laviwonn » a été publié pour la première fois dans le recueil éponyme aux Éditions Perles des Antilles à West Palm Beach (Floride) en 2012. « Dwèt sou bouch… » a été publié pour la première fois dansLiminasyon., publié en 2011 à Santo Domingo aux Éditions Lesly Lafont.

© 2012 Anderson Dovilas


Retour:

/anderson-dovilas-trois-poemes/

mis en ligne : 11 juin 2012 ; mis à jour : 2 novembre 2020