Anderson Dovilas, « Pwezi pèfòmans »


Anderson Dovilas, Pwezi pèfòmans

00:00 – Assonance
03:50 – Pwezi pèfòmans


Assonance

Si la nuit vous arrive
Comme un poème étouffé de rhum
Et que l’horizon devient fragile
À l’image d’un paradoxe de la forme
N’oubliez surtout pas que la plume
Sert à balancer l’équation du sang
Et si la pluie jumelait les larmes
Pour une terre de semence inépuisable
Avec la faim, la soif
Préoccupation d’une péripétie romanesque
On saurait écrire demain en pied de page
Comme une couronne de fleur sur les paragraphes
Je vous écris depuis un séisme polyglotte
L’avalanche des consonnes rouillées
Dans la gesticulation du temps
Il est sans doute un mauvais métier
L’amour des césures
Quand les regards autocollants
D’une issue de vertige
Plane au-dessus des phrases
Un moment à sécher
Et si par l’audace de l’esthétique
Les jours vous arrivent
De printemps chauves
Faites-vous une note de chanson
À mettre au nid
Pour vous grossir la mémoire

 

Pwezi pèfòmans

Nou te kwaze rivyè fwad
Anba yo jenn ti mwa desanm
Mwen sonje sa kou Jodi a
Souri w pat sanble pèsòn
Yon papiyon te vin poze sou nou
Tankou yon kòd gita
Ki t’ap fè serenerad pou mwa me
Nou t’ap gade san espas
Tankou yon kouwòn zetwal
Nan bèl moman
Nou t’ap lote lòlòj
Yon lòt langaj
Pou n’ ekri lavi
Yon jou cheri
Na dekoud bon nouvèl
Si nou pap jwe ladann
Na monte sou do lannuit
Lè lajounen pa la
Na mete bag nan souf
Vwal nan silans
Lè jou sa a va rive
Wa chita nan lesprim pil ou fas
Na pote swaf yon reveyon
K’ap kabicha nan nòs
Cheri pouki lè mari w pa la
Nuit ou chifonen
Mwen menm avè w pat pou legliz
Nou konfese pou n’ renouvle
Jalouzi kache se bouch kavo
Madan marye
Lanmou pagen remiz
Si w konn tande radyo
Madan marye sa a gon emisyon
Nan pwent tetel’
Pòs radyo a nan menm
Lè map fiksel’
M’ branchel’ sou bouch mwen
San repòtaj
Pou zanmim kap koutem’
Nan powèm sa a
Pa mandem ki frekans
Mwen se sèl oditè

M’ap gadel san koridò
Lari a pran tout yon chapit
Pou l’ aplodil
Madan marye m’ se yon ti boubout
Wa banm woulib jan w pi pito
Sam pral di la a pa yon repwòch
Mwen konn bal pijon
Pou l’ byen soupe


Anderson DovilasLe poème « Assonance » par Anderson Dovilas a été publie pour la première fois dans Mon pays, rien de luxe aux Éditions Trouvailles à Bridgeport (Connecticut) en 2012. « Pwezi pèfòmans » est inédit, publié pour la première fois sur Île en île.

© 2012-2013 Anderson Dovilas, tous droits réservés


Retour:

/anderson-dovilas-pwezi-pefomans/

mis en ligne : 3 mai 2013 ; mis à jour : 2 novembre 2020